❓ SANT ÈD
Èd & FAQ J&D HARDWARE
Jwenn repons pou tout kesyon ou yo sou boutik anliy nou an
Kòmand & Acha
1
Ale nan boutik la epi chwazi pwodui ou vle a.2
Klike sou Ajouter au Panier (bouton wòz/ble).3
Klike sou ikonn panye an anlè a dwa, verifye kòmand ou a.4
Chwazi metòd peman ou, antre adrès livrezon ou, epi klike Confirmer la Commande.5
Ou pral resevwa yon imèl konfirmasyon ak nimewo swivi ou a.
Ou ka anile yon kòmand nan espas 30 minit apre ou pase-l, si li pa ankò an preparasyon. Pou sa:
- Ale nan Kont Mwen → Kòmand Mwen
- Klike sou kòmand la epi chwazi Annuler
Ou ka swivi kòmand ou a:
- Nan imèl: Ou pral resevwa mizajou pou chak etap kòmand la.
- Nan kont ou: Kont Mwen → Kòmand Mwen → Wè Detay
- Paj Swivi: Ale nan Swivi Kòmand epi antre nimewo kòmand ou a.
Wi! Ou ka pase kòmand kòm "vizitè" san ou pa kreye kont. Men, nou rekòmande ou kreye yon kont pou:
- Swivi tout kòmand ou yo
- Sove adrès livrezon ou yo
- Akimile pwen fidèlite
- Jwi avantaj espesyal ak promo
Kont & Profil
Klike sou Créer Compte nan anlè dwa a. Antre non ou, imèl, nimewo telefòn, ak yon modpas solid. Ou pral resevwa yon imèl pou konfime kont ou a.
1
Ale nan paj Connexion2
Klike sou Mot de Passe Oublié ?3
Antre imèl kont ou a — ou pral resevwa yon lyen pou rekipere modpas ou a nan 5 minit.
Konekte nan kont ou, ale nan Kont Mwen → Pwofil. Ou ka mete ajou non ou, imèl, nimewo telefòn, ak modpas ou la.
Paiement
Nou aksepte plizyè metòd peman:
- 🏦 Transfert Bancaire (BNC, Sogebank, Unibank)
- 📱 MonCash — peman mobil rapid (lè magazen an aktive li)
- 💳 Visa / Mastercard (via Stripe — kòmand lan make peye sèlman apre verifye)
- 💰 Peman nan Livrezon (Cash on Delivery — disponib nan sèten zòn)
Absoliman. Tout tranzaksyon yo pase nan koneksyon HTTPS chiffré. Nou pa janm stoke enfòmasyon kat kredi ou yo sou sèvè nou yo — tout peman kat yo jere pa Stripe (PCI-DSS Level 1 sertifye).
Nan topbar boutik la, ouvri meni Monè epi chwazi HTG, HTD, USD, EUR, CAD oswa DOP. Pri yo konvèti ak to magazen an.
Lè w konfime kòmand la, peman an anrejistre nan deviz prensipal magazen an pou pri yo rete kòrèk — menm si w t ap gade nan yon lòt deviz.
Bouton Admin la nan topbar la, menm sou telefòn. Si w pa konekte, li mennen w nan koneksyon. Apre koneksyon, li mennen w nan tablo wòl ou (POS pou kasye, dashboard pou admin, elatriye).
Livraisons
Nou fè livrezon nan tout Ayiti — Port-au-Prince, Cap-Haïtien, Gonaïves, Les Cayes, Jacmel, ak tout lot vil. Delè livrezon varye selon distans:
- Port-au-Prince & zòn Metro: 1–2 jou ouvrab
- Vil pwovens: 2–4 jou ouvrab
- Zòn rekilye: 4–7 jou ouvrab
Livrezon gratis pou kòmand depase 5,000 $. Pou kòmand ki anba sa:
- Port-au-Prince: 250 $
- Pwovens: Pri selon zòn livrezon an
Si kòmand ou a depase delè espere a, tanpri:
- Tcheke paj Swivi Kòmand ou a
- Kontakte nou nan WhatsApp: +509 3700-0000
Retou & Ranbousman
Ou gen 7 jou apre livrezon pou retounen pwodui a si li:
- Domaje oswa defektye (foto obligatwa)
- Pa koresponn ak sa ou kòmande a
Apre nou resevwa epi verifye pwodui retounen an (2–3 jou ouvrab), ranbousman an fèt nan 5–7 jou ouvrab pa menm metòd peman ou te itilize a.
Pwoblèm Teknik
Eseye etap sa yo:
- Verifye imèl ou a ekri kòrèkteman
- Efase kache navigatè ou a (Ctrl+Shift+Delete)
- Eseye nan yon navegatè oswa aparèy diferan
- Si pwoblèm la kontinye, klike Bliye Modpas oswa kontakte nou
Boutik la optimize pou telefòn mobil. Si ou wè pwoblèm:
- Asire navigatè ou a ajou (Chrome oswa Firefox rekòmande)
- Eseye efase kache navigatè a
- Verifye koneksyon entènèt ou a
📄
Telechaje Guide Konplè a
Enprime oswa sove tout FAQ yo kòm dokiman PDF pou referans ofisyèl ou.
Nan navigatè ou (Chrome, Firefox) — Ctrl+P, chwazi "Save as PDF"
Pa jwenn repons ou a?
Ekip nou an la pou ede ou 24/7